Listwa rakonte nou yon jou pandan prentan lane 1786, yon machann sou Plaza de Armas youn nan afich li yo chape l’al tonbe nan direksyon ansyen Cañadilla. Imaj la al tonbe sou yon pye bwa, kote yon manman t’ap bay pitit li yo yon kou katechis. Nan kote sa a, yo te bati yon ti tanp pou li kote yo te komanse ap adore l’ kòm mirak pou pèp k ap viv nan dezè a. Kèk tan apre, Evèk vil Konsepsyon (Concepción) nan moman an, Francisco José de Marán y Geldres, pou di Lavyèj del Carmen mèsi, te kòmanse bati pawas la, ke Juan José de Goicolea te fè plan an epi inogire l’ nan lane 1807. Tranblemandtè (goudougoudou) ki te pase nan lane 1822 a te kraze yon pati ladan l’, se poutèt sa yon achitèk fransè ki te rele Eugenio Joannon te rebati li nan lane 1890 konsa. Konstriksyon sa te fèt nan yon estil Neyoklasik, se yon Batiman Konsèvasyon ki genyen yon enpòtans Istorik.
Campana de la Iglesia de La Estampa. Blog Chile Iglesias Católicas.