Li te konstwi nan 1887, kòm yon sanatoryòm pou moun ki genyen maladi enfektye, rezon ki eksplike poukisa li pre simityè jeneral la. Apati 1891, gras ak jesyon doktè espesyalis nan lijyèn vital Ricardo Dávila Boza, yo te kòmanse pwosesis kontriksyon lopital la kote yo te kontinye ap renove l’. Yo te remodènize l’ nan lane 1929, dat yo te kreye lis sèvis sa yo tankou Tisio-Medicina (yon espesyalis nan medsin pou tibèkiloz), radyoloji, anatomi patolojik, chiriji ak laboratwa. Nan epòk sal i te kapab resevwa 400 kaban pou moun ki fè tibèkiloz, sa ki fè li te vin bèso nan tretman maladi sa.
Ou kapab remake nan fas bilding nan, estil Kolonyal, lakou ansyan epi ti chapel ki ladan l’ lan. Depi lane 1960, li tounen yon lopital jeneral, epi nan lane 1980, li te konn sèvi kòm lopital zòn nan, yon fonksyon ke li ranpli jiska 1999. Jounen jodi a, se yon sant kiltirèl ki genyen yon pil koleksyon liv, dokiman ak fotografi ki gen rapò ak patrimwan (eritaj) lasante (laswenyay). Yo te declare l’ Moniman Istorik nan dat 27 desanm 1999 apati dekrè N°442.
Maternidad del Hospital San José, 1964. Colección Museo Histórico Nacional, en Memoria Chilena.