Lopital San Vncente de Paul la te bati nan lane 1872 epi inogire nan lane 1875. Nan kòmansman an se te sè Las Hermanas de la Caridad ki te responsab li, yo menm ki te mete nan lakou prensipal la ti chapèl la, ki jiska prezan twouve li nan menm pozisyon an. Ou kapab remake ke chapèl la genyen yon fòm kwa laten (nan lanng panyòl cruz Latina) anplis de bèl vit ki nan fenèt yo, ak bèl pòt ki byen fèt. Yo te deklare l’ Moniman Istorik Nasyonal nan dat 12 Janvye 1981 apati dekrè N°73.
Yo te inogire anfiteyat la nan lane 1922, kote yo te kapab itilize l’ pou fè kou anatomi e an menm tan yo te konn kite materyèl pou fè kou yo ladan l’. Se te sèl grenn bilding ki te rete apre gwo dife ki te pran nan lekòl Medsin nan, sa ki te pase nan lane 1948. Ou kapab remake fòm oval (an demisèk) anfiteyat la ak mèb li yo ki orijinal depi dikdantan epi koleksyon Mize Anatomi an ki twouve li anba tè. Yo te deklare l’ Moniman Istorik Nasyonal nan lane 2015 apati dekrè N°549.
Incendio en la Escuela de Medicina, 1948. Catálogo Fotografía Patrimonial Museo Histórico Nacional.
Anfiteatro de Anatomía en 1920. En Juan López Marfull, Santiago de Chile Imágenes de su Historia.
Fachada de la Capilla San Vicente de Paul, año 2009. Carlos [CC BY-SA 4.0] enWikimedia Commons.
Detalle acceso principal Capilla San Vicente de Paul, parte de la serie fotográfica «Hospitales: entre la resistencia y la resiliencia» de Pamela Frick y Paula García. En Repositorio bibliográfico y patrimonial del Ministerio de Salud.