Nan fen XIX vyèm syèk la gwoup pè katolik sa yo rele “Padres Carmelitas Descalzas” vini viv sou tè (teren) ki te pou magistra Zañartu, li menm ki te fè kado teren sa bay mè yo “Carmelitas Descalzas”. Mè yo te resevwa pè yo epi ba yo teren kote yo pral bati pawas la, se achitèk José Forteza ki te trase plan an epi se frè Juan Rufo de San José ki te bati li.
Yo te mete premye wòch (pyè) pou bati li a nan lane 1917 epi yo te vin inogire l’ nan lane 1920. Pou yo te kapab bati li, yo te itilize materyo tankou brik fò (ranfòse) ak beton ke bòs mason yo mete, tou pi ak estil neyogotik (nan lanng panyòl estilo neogótico). Estil sa gen anpil detay, tankou gwo fenèt ki fèt an vit (vitral), gwo tablo ki fèt ak penti aluil, estati sen ak lòt bagay ki fèt an bwa, anplis yon gwo piyano alman ki nan dezyèm etaj la.
Pa gen manti nan sa, achitekti pawas la se yon referans (senbòl) ki idantifye (make) rantre komin nan.