Non li fè nou sonje ke apre gwo viktwa batay Chacabuco a nan lane 1817, se nan espas sa a, Lame Liberatè Los Andes la te pase nwit la. Tou pre plas la, nou jwenn idwòm nan (kote yo fè kous cheval) ak Estad Santa Laura de La Unión Española, ke yo inogire nan lane 1923. Yo tou de leve figi katye a tankou yon anblèm patrimwàn nan zafè espò nan lokalite a (nan zòn nan). Kèk egzanp de jefò ak òganizasyon travayè yo pèmèt reyalizasyon anpil konstriksyon nan zòn nan (sektè sa) epi li pèmèt anpil moun vini tankou La Vega (kote yo van fui ak legim) ak El Mercado (kote yo vann pwason ak fuidmè (lanbi, zuit elatriye), Ipodwòm nan, kote kòdonye yo, lapolis, meri Santiago, fonksyonè leta yo ak jounalis elatriye. Yo te deklare tout kote sa Zòn Tipik nan lane 2019.