PWOJÈ

Youn nan karakteristik ki fè yo rekonèt komin Independencia a se pou valè eritaj (parimwàn) li genyen lè n’ap konsidere konstriksyon istorik yo ak konesans kiltirèl li. Anvan Kolon te rive an Amerik, yo te konn konsidere l’ tankou yon pati sou Chimen Enka yo (nan lanng panyòl “Camino del Inca”), epi nan tan lakonoli, se te kote premye responsab legliz yo te konn vini rete nan zòn nan. Pandan XIX vyèm syèk la, se yon seri gwo sant sante ki te vin tabli anndan zòn nan; pandan XX tyèm syèk la, se te anpil kay yo t’ap bati pou apranti yo, travayè yo, ak pwofesyonèl yo, anplis yo te bati anpil kote pou moun kapab pratike espò. 

Youn nan objektif ki pi enpòtan ke inisyativ sa bay, se fè konnen valè eritaj (patrimwàn) komin nan genyen, epi montre anndan tout komin nan kokennchenn eritaj memwa kolektif ak memwa lokal la genyen. Nan sans sa, n’ap chèche fè pwomosyon pou fason moun yo viv an kominote, bay valè epi pran prekosyon ki nesesè pou kote yo ap viv la.

Se pou tèt sa, yo mete 15 totèm (kote ki bay enfòmasyon touristik sou eritaj yo) ki fèt an metal kote yo ekri sou yo. Nan totèm yo, yo bay enfòmasyon kote nou ka jwenn Moniman Nasyonal yo, Zòn Tipik yo, Batiman (bilding) Konsèvasyon Istorik yo, ak lòt kote ki enpòtan anndan komin Independencia a. Nou kapab jwenn totèm yo nan tout espas piblik yo, kote tout moun kapab rive, kote wout yo fèt ak nòm aksè Inivèsèl ak Enklizif (pou moun kokobe, ankidape rive). Yo chak ladan yo genyen yon kòd (modpas) QR ki bay tout enfòmasyon de eritaj la (patrimwàn nan) sou entènèt ki tradui an kreyòl, mapousoungoun ak anglè, yon jès pou montre nou nivo entèkiltiralite (relasyon ki tabli ant plizyè kilti) ak divèsite zòn sa genyen ki idantifye li konsa nan tout rakwen li. 

Se Sekretarya Planifikasyon Komin nan (nan lanng panyòl “Secretaría Comunal de Planificación SECPLA”), Konsèy Vil la (nan lanng panyòl “Asesoría Urbana”) ak Kòporasyon sou Lakilti ak Eritaj komin (nan lanng panyòl “ Corporación de Cultura y Patrimonio de Independencia»).

Responsab pwojè a: Araucaria Rojas
Konsèy Teknik: Tamara Lecaros, Sergio Castillo ak Javiera Aravena
Responsab enfòmasyon: Dante Figueroa ak Araucaria Rojas
Kominikasyon (jounalis): Cristina Carrillo
Moun ki fè plan an: Verónica Garay
Responsab Kowòdinasyon an: Isidora Moulian

Buscar
Corporación de Cultura y Patrimonio de Independencia.
Profesor Zañartu 1185, 2º piso. Independencia, Santiago de Chile.

Corporación de Cultura y Patrimonio de Independencia.
Profesor Zañartu 1185. Independencia, Santiago de Chile.

Web by Kúbika House
Buscar
Corporación de Cultura y Patrimonio de Independencia.
Profesor Zañartu 1185, 2º piso. Independencia, Santiago de Chile.