Popilasyon Los Castaños genyen 84 kay, ki konstri ant 1927 ak 1930, nan lide pou pote Solisyon ak pwoblèm lojman (kay) pou polisye yo. Yo te bati yo nan yon modèl vil ak lakou (nan lanng panyòl “Ciudad Jardín”), se te achitèk Luciano Kulczewski ki te trase plan an nan popilasyon sa a, nan yon estil ke yo rele eklektik, kote chak kay te genyen pwòp estil pa l’, ke seswa siyati achitèk la nan fas kay la, oswa dekorasyon sou fòm plant ak zannimo. Kay ki te nan Avenida Francia ki chita kò l’ nan N°1442 te youn nan kay ki pi remakab pami tout lòt yo.
Yo te deklare Popilasyon Los Castaños la Zòn Tipik apati dekrè N°285 nan lane 1996 epi yo te deklare kay Avenida Francia a Moniman Istorik nan dat 3 oktòb 1996 apati dekrè siprèm nan N°555.
Casa de la Población Los Castaños, años ‘30. Archivo Municipalidad de Independencia, Enterreno.
Casa de la Población Los Castaños, 1935. Archivo Municipalidad de Independencia, Enterreno.