Ansyen Enstiti Lijyèn
Adrès kote li (ye)/ (chita kò l’): Av. Independencia Nº 56
Estil/Karakteristik kote a: Moniman Istorik

Pandan XIX vyèm syèk la, kondisyon lavi yon gwo pati nan popilasyon an pa t’ bon ditou (li te delabre), te gen anpil maladi, anpil epidemi epi moun t’ap mouri tankou grenn lapli. Leta a te oblije pran responsablite l’ nan fason li t’ap tabli politik piblik la nan zafè lasante (laswenyay) pou tout popilisayon an. Nan kontèks sa a, yo te bati Enstiti Lijyèn nan lane 1902, se te gwo achitèk Emilio Jecquier ki te trase plan an. Pi gwo objektif la, se te fè yon etid syantifik epi pran desizyon sou nòm ak eta laswenyay (zafè lasante) ta dwe ye anndan enstitisyon piblik ak prive yo. Li te genyen senk seksyon antou: estatistik, chimi, bakteryoloji ak mikwoskopi, sewoterapi epi dezenfeksyon. Nan lane 1924 li te fèmen epi se Ministè Lijjyèn, Asistans ak Previzyon Sosyal ki vin ranplase l’. Nan lane 1929, se Enstiti Bakteryolojik Chili (Instituto Bacteriológico de Chile) a ki te kòmanse fonksyone nan bilding nan epi nan lane 1952, li te vin fè pati Sèvis Sante Nasyonal la. Nan lane 1977 yo te transfere l’ nan Sant Enfòmasyon Nasyonal la (CNI en español) epi nan lane 1988 li te pase anba kontwòl Lapolis ki konn mennen ankèt sou plizyè gwo dosye (Policía de Investigaciones “PDI”). Yo te deklare l’ Moniman Istorik Nasyonal nan dat 20 oktòb 1984, apati Dekrè N°649 Ministè Edikasyon an te pran.

GALERÍA
Instituto de Higiene. Pedro Lautaro Ferrer, Álbum Gráfico del Instituto de Higiene de Santiago, 1910.

Instituto de Higiene 1910. Colección Carlos Cornejo, Archivo Fotográfico Biblioteca Nacional.

El Instituto de Higiene, hacia 1904. Foto Archivo MOP.

Instituto de Higiene. De Carlos Figueroa. [CC BY-SA 4.0], en Wikimedia Commons.
Instituto de Higiene. Pedro Lautaro Ferrer, Álbum Gráfico del Instituto de Higiene de Santiago, 1910.

Desinfectorio Público. Pedro Lautaro Ferrer et. al., Higiene y asistencia pública en Chile, 1911.

Instituto de Higiene. Nuevo Sucesos, junio de 1932.

Río Mapocho por la mañana. De Bilobicles [CC BY-NC-SA 2.0], en Flickr.

Comparte esta información
Buscar
Corporación de Cultura y Patrimonio de Independencia.
Profesor Zañartu 1185, 2º piso. Independencia, Santiago de Chile.

Corporación de Cultura y Patrimonio de Independencia.
Profesor Zañartu 1185. Independencia, Santiago de Chile.

Web by Kúbika House
Buscar
Corporación de Cultura y Patrimonio de Independencia.
Profesor Zañartu 1185, 2º piso. Independencia, Santiago de Chile.