Yo te bati legliz sa nan lane 1767 avèk volonte, desizyon ak finansman Majistra Luis Manuel de Zañartu, li ki te ekri wa Carlos III (3) yon lèt pou te mande l’ fè konstriksyon sa. Debòdman gran rivyè ki te fèt nan lane 1783 a te inonde espas la epi pèmèt gwo dega sou pratikan yo. Se kote sa literati feminen an pran nesans isit Chili, anba men sè Tadea Garcia de la Huerta, li ki rakonte nan yon gwo woman vye moman difisil sè yo pase nan kouvan (kongregasyon) an. Apre tranblemandtè (goudougoudou) lane 1822 a ki te kraze legliz la, Fermín Vivaceta, te rebati li nan lane 1870, li ki te mete sou tèt legliz la imaj Arcangel Rafael ke jounen jodi a yo kouronnen.
Li pwobab ke se legliz sa ki pi gwo senbòl (anblèm) sou chimen Cañadilla-Independencia depi lè li fonde, jiska jounen jodi a. Apati dekrè N°1412 dat 24 novanm 1983 yo te deklare legliz sa ak lakou li yo Moniman Istorik Nasyonal.
Tarjeta postal. Colección Carlos Cornejo, Archivo Fotográfico Biblioteca Nacional.
Tarjeta postal. Colección Carlos Cornejo, Archivo Fotográfico Biblioteca Nacional.