Tout sè legliz Bon Bèje yo te soti Lafrans pou rive Chili nan lane 1855, sou gouvènman Manuel Montt la. Menm lè ke kongregasyon an te reponsab administrasyon prizon fanm nan tout peyi a, syèj (biwo prensipal la) Callejón Las Hornillas (jounen jodi a ki rele Vivaceta) kay sa te konn fonksyone tankou yon fwaye azil e yon refij pou tifi, jenn fi ak fanm ki pa gen kay. Nan kay sa yo te konn aprann yo plizyè metye, aprann yo li ak ekri anba lòd (zòd) sè yo san pa bay yo menm yon ti souf. Konstriksyon kouvan (kongregasyon) an te kòmanse nan lane 1857, epi yo te kòmanse bati tanp lan nan lane 1862, tou de travay yo rive fini nan lane 1871. Se te achitèk Eusebio Chelli ki te trase plan an, se li menm ki te bati chapèl Sen Vensan de Pòl (nan lanng panyòl “San Vicente de Paul”). Apati 1982 li vini tounen syèj (biwo prensipal la) fondasyon “Fundación Las Rosas”. Yo te deklare l’ Moniman Istorik nan dat 29 septanm 1989 apati dekrè N°490.
Postal. Colección Carlos Cornejo, Archivo Fotográfico Biblioteca Nacional Digital.
Iglesia Santuario María Santísima Convento del Buen Pastor. En Blog Iglesias Católicas.
Patio Iglesia del Buen Pastor. En Web Consejo de Monumentos Nacionales.
Jardines Convento del Buen Pastor. En Web Consejo de Monumentos Nacionales.