Sant Sante N°2 aktyèl la te bati ant lane 1937 ak 1939, se Biwo Asirans pou Travayè responsab (obligatwa) pou te vin sèvi kòm sant kominotè ou sant premye swen pou travayè nan katye independencia. Achitèk ki responsab la te yon pwòch kolaboratè Luciano Kulczewski, Aquiles Zentilli Melano, ki te bati youn nan bilding ki te pi modèn nan epòk la, nan kapital la. Menm jan ak Sant Sante N°1 nan ri Copiapo a, bilding sa te sanble ak yon estil lopital “Monoblock” ki te genyen 6 etaj, ak yon lakou nan sant (mitan) li, ak yon lòt bilding ki genyen 9 etaj. Se te yon estil senp anpil, ki te pran enspirasyon li nan estil alman an ke yo rele ekspresyonis, anplis de dizay (plan) Art Decó a. Jounen jodi a li fè pati sèvis sante Metropolitano Norte. Yo te deklare li Moniman Nasyonal nan dat 15 novanm 2016 apati dekrè N°307.